top of page

"Koté Ou Yé?" - Jenez 3:9 (Kreyol)

Yon konvesasyon ant Bondye e lom apres lom te dezobeyi Li: Se te yon apel ijan, yon apel pou sove lom.

Selman aksyon dezobeyisans sa te ase pou koupe kominyon pafe yo te genyen avek Bondye. Men poukisa Bondye pat detwi yo menm le-a?

Malgre yo te egare nan peche, ou te ka panse le Bondye we lemond plonje konsa nan peche, Li ta pret pou-l ta kondane nou e fe nou santi kole li.

Men non, Li pa fe sa. Tande sa Bondye di pito nan Ezayi 1:18 - Seyè a di konsa: -"Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton."

Bondye rele lom. Li rayi peche, men li renmen peche-a.

Jan 3:16 & 17 di nou - Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.

Jezu pa kondane nou nonpli paske kondanasyon pat fe pati misyon Li.

Jodia kesyon sa rete toujou louvri: "Kote ou ye?"

Eske ou byen lwen Bondye? Eske wap kouri pou-w pa kontre avek li paske ou sitelman wont peche ou yo?

Premye paren nou yo pat kenbe tet avek dyab la, men nou menm, kenbe tet nou avek li. Jak 4:7-10 di nou - Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

Pou fini, fre-m ak se-m yo, tande Bondye, epi viv dapre volonte Li.

Amen.

Ke Bondye beni nou.

bottom of page