top of page

Denye Instriksyon Jozye Bay Pep La


(Sa se yon ti not ki ale avek pasaj pou semen nan. Li pasaj la anvan.)

Jozye te an tet pep Izrayel pou 20+ ane apre Moyiz te mouri. Nan Jozye 23, Jozye konnen li granmoun e li pral mouri, men li pat vle kite pep la konsa. Li te vle fe pep la sonje kek bagay inpotan anvan li mouri. Jozye rasamble tout chef nan pep la pou-l te ka pale avek yo.

Jozye te konnen le moun ki an chaj ale, pep la ka bliye tout sa Bondye te mande yo fe. Men kek pwen Jozye te fe konsenan relasyon pep Izrayel la ak Bondye. Pwen sa yo inpotan pou nou tou.

- Fe tout sa ou kapab pou ou toujou swiv la lwa e volonte Bondye, san manke youn.

- Pa kite moun alantou-w yo fe ou fe bagay kont Bondye. Si ou fe sa, Bondye ap kite ou.

- Kenbe Bondye selman. Se Li ki ba ou fos e se Li ki defans ou.

- Renmen Bondye e respekte pwomes Li fe-w yo. Si ou fe Bondye fache ave-w, ou ka pedi tout sa Li pwomet ou.

Sonje bagay sa yo chak jou pandan wap mache ak Bondye. Bondye se yon dye lanmou, yon dye ki bay chans e esperans, men pa vire do bay Li.

Bondye beni ou.

bottom of page